TSK

TSK · Job 22:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Job 1:16 TSK

Msye pa t' ankò fin pale lè yon lòt moun kouri vini. Li di konsa: -Loraj tonbe sou mouton yo, li boule ni bèt yo ni gadò yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin fè ou konn sa.

Job 8:3 TSK

Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat.

Job 15:30 TSK

Yo p'ap ka kouri pou fènwa a. Y'ap tankou yon pyebwa dife boule tout branch li yo epi van bwote tout flè l' yo ale.

Job 20:26 TSK

Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li.

Job 21:27 TSK

¶ Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen koulye a.

Men, jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife souf grennen sot nan syèl la tankou lapli, tonbe sou yo; yo tout peri.