Exodus 22:2
TSK
Si yo bare yon vòlè ap kase yon kay epi yo touye l', moun ki touye l' la pa koupab.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Si yo bare yon vòlè ap kase yon kay epi yo touye l', moun ki touye l' la pa koupab.
¶ Jòb, èske yon sèl fwa ou janm bay lòd pou maten rive? Ou janm bay lè pou bajou kase?
Chèf k'ap gouvènen yo a pral mete pakèt li sou zepòl li nan fènwa, l'ap chape kò l' nan yon twou y'a fè nan miray la pou li. L'ap bouche figi l' pou yo pa rekonèt li, li pa menm wè kote l'ap mete pye l'.
Se yon bagay nou tout dwe konnen: Si mèt kay la te konnen kilè nan lannwit lan vòlò a t'ap vini, li ta veye, li pa ta kite l' kase kay la.
Nou pa gen anyen pou nou wè ak moun k'ap viv nan fènwa, moun k'ap fè bagay ki p'ap rapòte anyen. Okontrè, denonse yo pou sa yo ye.