Yon moso tè ki vo katsan pyès lò, pa gen rezon pou n'ap diskite pou sa. Antere madanm ou sou li non!
TSK
TSK · Job 28:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Salomon te fè fè tout mèb yo te bezwen pou Tanp lan an lò: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye a,
Mwen fè sa m' te kapab pou m' te pare materyo pou tanp lan: lò, ajan, kwiv, fè, bwa, bèl pyè oniks, bèl pyè pou sèvi ganiti, pyè malachit ak tout kalite lòt koulè, tout kalite bèl pyè koute chè ak mab an kantite.
¶ Se dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Seyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun.
Tankou lajan yo fonn nan fòj pou wè si li bon, mwen te fè nou pase tray pou m' wè kote nou ye.
Men, ki moun ki ka sipòte jou l'ap vini an? Ki moun ki va rete kanpe devan l' lè la parèt la? L'ap tankou dife yo sèvi pou fonn fè. L'ap tankou gwo savon yo sèvi pou blanchi rad.