Si sèlman ou ta vle kache m' nan peyi kote mò yo ye a? Si ou te ka kite m' la jouk kòlè ou la fin pase? Apre sa, ou ta fikse yon dat pou chonje m' ankò.
TSK
TSK · Job 3:17
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Tout kò m' ap tranble tèlman mwen sezi.
Tout santiman yo te gen nan kè yo pou moun yo te renmen, pou moun yo te rayi, pou bagay yo te anvi, tou sa disparèt avèk yo. Yo p'ap janm patisipe nan anyen k'ap fèt sou latè ankò.
Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.
Paske, Bondye gen pou fè sa ki byen: Bondye va gen rezon lè la fè moun k'ap fè nou soufri yo soufri tou.
¶ Ann fè jefò pou nou tout ka antre kote sa a. Se pa pou okenn nan nou dezobeyi Bondye tankou moun sa yo ki te la anvan nou te fè l' la, pou nou pa pèdi chans antre kote sa a.
¶ Apre sa mwen tande yon vwa nan sièl la ki di mwen: Men, ekri sa: benediksyon pou tout moun ki depi koulye a mouri nan sèvis Seyè a. Lespri Bondye a reponn, li di: Wi, benediksyon pou yo. Yo pral poze kò yo apre yo fin travay di. Travay yo fè a pral mache ak yo.