TSK

TSK · Job 33:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Avèk tout bagay sa yo ki rive nou, jòdi a nou menm pèp Izrayèl la, n'ap pran yon angajman, n'ap kouche l' sou papye. Epi tout chèf nou yo, tout moun Levi nou yo ak tout prèt nou yo pral siyen dokiman an anvan nou mete so sou li.

Job 36:15 TSK

¶ Men, Bondye pran soufrans lan, li sèvi avè l' pou li moutre lèzòm anpil bagay. Se lè yo anba tray, li louvri lespri yo.

Fè lespri pèp la vin lou! Bouche zòrèy yo! Mare je yo! Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè, yo p'ap ka konprann. Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo.

Seyè a, Bondye a, louvri lespri mwen, mwen pa kenbe tèt ak li. Mwen pa renka devan li.

Yonn ladan yo te rele Lidi. Se te moun lavil Tiyati, yon machann bèl twal koulè wouj yo vann byen chè a. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Seyè a louvri lespri l' pou l' te swiv tou sa Pòl t'ap di.