Men, Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Paske nou pa t' fin gen konfyans nèt nan mwen pou n' te fè moun pèp Izrayèl yo wè jan mwen se yon Bondye apa, se pa nou menm m'ap kite mennen pèp la antre nan peyi mwen pwomèt m'ap ba yo a.
TSK
TSK · Job 35:15
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l'? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l'?
¶ Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouraj mwen. Tankou yon nwaj k'ap pase, tout byen m' yo disparèt.
m'ap pini yo pou peche yo fè, m'ap bat yo. M'ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal.
¶ Nou menm moun Efrayim yo, kouman nou ta vle pou m' lage nou? Nou menm moun Izrayèl yo, kouman nou ta vle pou m' ta detwi nou tankou mwen te detwi lavi Adma? Kouman nou ta vle pou m' ta trete nou tankou mwen te trete lavil Zeboyim yo? Non! Mwen pa gen kè pou m' fè bagay konsa. Tout zantray mwen ap fè mwen mal pou nou.
Lè y'ap peni nou, sa yon ti jan vle fè nou plis lapenn pase pou l' ta fè nou kontan. Men pita, moun ki soti byen elve apre tout penisyon sa yo, yo pral mennen yon lavi byen dwat ak kè poze.