Job 9:18
TSK
Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt.
Tanpri, wete je ou sou mwen. Kite m' pran yon ti souf. Tankou moun ki fin pase yon jounen ap travay di, kite m' pran yon ti kanpo.
¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Konbe tan ankò w'a bliye m', Seyè? Gen lè ou bliye m' nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m' pa wè ou?
Yo t'ap rele byen fò: O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou?