TSK

TSK · Job 7:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Job 2:7 TSK

¶ Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li.

Job 13:28 TSK

M'ap dekale tankou bwa pouri, tankou rad sizo ap manje.

Job 17:14 TSK

Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'.

Job 19:26 TSK

Apre m' fin mouri, l'ap mete m' kanpe bò kote l'. M'a wè Bondye ak pwòp je m'.

Job 30:18 TSK

Bondye ponyen m' nan kòlèt, l'ap chifonnen tout rad sou mwen.

Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je.

Jan yo te konn fè lwanj ou ak bèl mizik dous sou gita! Koulye a, men ou nan peyi mò yo. Ou kouche sou yon kabann plen vèmen. Vè kouvri tout kò ou.

Lè sa a, n'a chonje tou sa nou te konn fè, jan nou te konn avili tèt nou nan fè move bagay. Nou pral wont tèt nou paske se pa ti fè nou te fè.