Tou sa ki nan syèl la, solèy, lalin ak zetwal yo, pral disparèt. Yo pral woule syèl la tankou yon woulo papye pote ale. Tou sa ki nan syèl la pral tonbe tankou fèy pye rezen ak fèy pye fig frans lè y'ap jete fèy.
TSK
TSK · Joel 2:31
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Isaiah 34:4
TSK
Joel 3:1
TSK
¶ Seyè a di ankò: -Lè sa a, jou sa yo, m'a fè peyi Jida a ak lavil Jerizalèm kanpe ankò.
Zephaniah 1:14
TSK
¶ Wi, gwo jou Seyè a pa lwen rive. Sa pral yon gwo jou vre. Li pa lwen rive. L'ap rive byen vit. Jou sa a, sa pral rèd nèt! Ata sòlda ki pi vanyan yo pral rele anmwe.
Malachi 4:5
TSK
Jou m' lan pral yon gwo jou, yon jou ki pral fè moun tranble. Men, anvan li rive, mwen gen pou m' voye pwofèt Eli.
Matthew 27:45
TSK
Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi.
Luke 21:25
TSK
Gen siy ki pou parèt nan solèy, nan lalin ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout pèp yo pral pran tranble, yo p'ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ap fè ak lanm li yo.