¶ Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.
TSK
TSK · John 1:24
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Matthew 23:13
TSK
Luke 7:30
TSK
Men, farizyen yo ak dirèktè lalwa yo te refize sa Bondye te vle fè pou yo; se sak fè yo pa t' kite Jan Batis batize yo.
Luke 11:53
TSK
Lè Jezi kite kote l' te ye a, dirèktè lalwa yo ak farizyen yo kòmanse atake l' avèk fòs; yo t'ap poze l' keksyon sou anpil bagay.
John 3:1
TSK
¶ Te gen yon nonm yo te rele Nikodèm ki te fè pati gwoup farizyen yo. Se te yonn nan chèf jwif yo.
Acts 23:8
TSK
(Sadiseyen yo t'ap di moun mouri pa leve, pa gen zanj, pa gen lespri. Farizyen yo, bò pa yo, te kwè nan tou sa.)
Philippians 3:5
TSK
Mwen te gen wit jou depi m' te fèt lè yo sikonsi mwen. Mwen se yon moun Izrayèl natif natal, nan branch fanmi Benjamen, pitit pitit Ebè san pou san. Sou keksyon lalwa Moyiz la menm, se pa pale: se farizyen mwen te ye.