TSK

TSK · John 1:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon chante David te fè pou moutre moun anpil bagay. Li te ekri l' lè li t'ap fè lagè ak moun Aram yo ki te soti nan peyi Naarayen ak peyi Soba. Sa te rive aprè Joab te tounen nan batay la pou l' te touye douz mil moun peyi Edon nan Fon Sèl la. Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò!

Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou.

M'ap fè avèg yo mache sou yon wout yo pa t' janm konnen anvan. M'ap pran men yo, m'ap mennen yo sou chemen yo pa t' janm konn fè anvan. M'ap fè kote ki fè nwa yo vin fè klè, kote ki gen anpil bit ak twou yo vin plat. Se tout bagay sa yo mwen pral fè rive. Wi, m'ap fè yo rive vre.

pèp ki t'ap viv nan fènwa a wè yon gwo limyè. Limyè a klere pou moun ki t'ap viv nan peyi ki anba lonbraj lanmò a.

Luke 2:32 TSK

Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a.

John 5:21 TSK

Papa a fè moun mouri leve, li ba yo lavi ankò. Konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi.

John 8:12 TSK

¶ Jezi pale ankò ak foul moun yo, li di: Se mwen menm ki limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Moun ki swiv mwen va gen limyè ki bay lavi a. Yo p'ap janm mache nan fènwa.

Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.

Mwen menm, mwen se limyè sou latè. Tout moun ki kwè nan mwen p'ap rete nan fènwa.

Kris la te gen pou l' soufri. Se li menm ki an premye gen pou l' leve soti vivan nan lanmò pou l' fè pèp Izrayèl la ansanm ak tout lòt nasyon yo konnen limyè k'ap delivre yo a.

Paske, tout bagay ki parèt aklè tounen limyè. Se poutèt sa yo di: Leve non, ou menm k'ap dòmi an, leve soti nan mitan mò yo. Kris la va klere ou.

Lè lavi a te parèt, nou te wè li. Se poutèt sa mwen ka pale nou sou sa: m'ap fè nou konnen lavi ki p'ap janm fini an, lavi ki te la avèk Papa a, lavi ki te parèt aklè devan nou an.

Men pawòl verite a: Bondye ban nou lavi ki p'ap janm fini an. Se nan Pitit li a li ban nou li.

Mwen menm Jezi, mwen voye zanj mwen an pou anonse nou bagay sa yo nan legliz yo. Mwen soti nan ras David. Mwen se bèl zetwal k'ap klere chak maten an.