TSK

TSK · John 12:21

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Mwen menm k'ap pale avè ou la a, mwen sou zòd chèf, mwen gen sòlda sou zòd mwen tou. Lè m' di yonn ale, li ale. Lè m' di yon lòt vini, li vini. Lè m' di domestik mwen an fè sa, li fè li.

Li p'ap diskite ak pèsonn, li p'ap rele sou pèsonn. Yo p'ap janm tande l' fè diskou nan lari.

Luke 19:2 TSK

Te gen yon nonm nan lavil la yo rele Zache. Li te chèf pèseptè kontribisyon yo, se te yon nonm rich.

John 1:43 TSK

¶ Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: Swiv mwen.

John 6:40 TSK

Men sa Papa m' vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.

Men sa m' vle di: Kris la te fè tèt li sèvitè jwif yo pou l' te ka fè pwomès Bondye te fè zansèt nou yo rive vre, epi pou l' te moutre jan Bondye kenbe pawòl li.