¶ Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou.
TSK
TSK · John 14:10
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Men, Jezi reponn yo: Se tout tan Papa m' ap travay. Mwen menm tou, m'ap travay.
Paske, se pa pou fè volonte pa m' mwen desann sot nan syèl la, men pou m' fè volonte moun ki voye m' lan.
Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan. Li di yo byen fò: Nou rekonèt mwen? Nou konnen ki bò m' soti? Se pa mwen ki fè lide pou m' vini non. Moun ki voye m' lan, li la tout bon. Men, nou pa konnen li.
¶ M'ap di nou sa Papa m' moutre mwen. Men nou menm, n'ap fè sa papa pa nou di nou fè.
Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl.
Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?
Lè jou sa a va rive, n'a konnen mwen nan Papa a, nou menm nou nan mwen, epi mwen menm mwen nan nou.
M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen.
Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l' ankò. Li pa t' gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l' ankò.
Se nan lavi Kris la t'ap mennen nan kò li a nou jwenn tou sa Bondye ye.