Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa janm vire do bay Bondye.
TSK
TSK · John 15:10
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.
Jezi di yo: Manje pa m', se fè volonte moun ki voye m' lan; se pou m' fin fè travay li ban m' fè a.
Se pa pawòl pa m' m'ap pale la a. Men, Papa ki voye m' lan, se li menm ki ban m' lòd sa pou m' di ak sa pou m' pale.
Moun ki asepte kòmandman m' yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m' va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l', epi m'a fè l' wè mwen.
Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m' fè.
¶ Frè m' yo, mwen te moutre nou ki jan pou n' mennen bak nou si nou vle fè Bondye plezi. Wi, mwen konnen se konsa n'ap viv vre. Men, koulye a m'ap mande nou, nan non Seyè Jezi a, tanpri chache viv pi byen toujou.
Se poutèt sa, lè Kris la tapral vin sou latè, li di Bondye: Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou yo touye pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou ban m' yon kò.
¶ Pitit mwen yo, m'ap ekri nou lèt sa a pou nou pa fè peche. Men, si yon moun rive fè peche, nou gen yon avoka k'ap plede pou nou bò kot Papa a: Se Jezikri, moun ki te mache dwat devan Bondye a.
Konsa, zanmi m' yo, si konsyans nou pa kondannen nou, nou gen yon gwo lasirans devan Bondye.
Benediksyon pou moun ki lave rad yo, pou yo sa gen dwa manje fwi piebwa ki bay lavi a, pou yo ka pase antre nan pòtay lavil la.