Lè sa a, m'a tounen vin bò lotèl Bondye a, Bondye ki fè kè m' kontan an, Bondye k'ap fè m' fè fèt la. M'a jwe enstriman mizik pou Bondye, pou Bondye pa m' lan.
TSK
TSK · John 17:13
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l', l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt koulye a.
Mwen di nou tou sa pou kè kontan m' lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale.
Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.
Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon keksyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.
Ann kenbe je nou kole sou Jezi. Se nan li konfyans nou soti, se li menm tou k'ap kenbe nou nan konfyans sa a jouk sa kaba. Li kite yo fè l' soufri sou kwa a. Li pa pran wont sa a pou anyen, paske li te toujou chonje apre l' te fin soufri a, Bondye t'ap fè kè l' kontan. Kifè koulye a li chita sou bò dwat fotèy Bondye a.
¶ Mwen gen anpil bagay pou m' di nou. Men, mwen pito pa ekri yo sou papye ak lank. Mwen swete m'a ka vin lakay nou pou m' pale ak nou fasafas, pou nou tout nou ka kontan nèt.