TSK

TSK · John 18:17

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Pyè menm te chita deyò nan lakou a. Yon sèvant pwoche bò kote l', li di li konsa: Ou menm tou, ou te avèk Jezi, nonm Galile a.

¶ Yo arete Jezi, yo mennen li ale. Yo kondi l' kay granprèt la. Pyè t'ap swiv yo yon ti jan lwen lwen.

John 18:5 TSK

Yo reponn li: Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l' la, te la avèk yo.

Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, soti deyò, li pale ak fanm ki t'ap veye pòt la, li fè Pyè antre.

¶ Lè yo fin manje, Jezi di Simon Pyè konsa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen m' plis pase moun sa yo renmen mwen? Simon Pyè reponn: Wi, Seyè, ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: Pran swen ti mouton m' yo.