TSK

TSK · John 18:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men, tou sa rive pou sa ki ekri nan liv pwofèt yo ka rive vre. Lè sa a, tout disip yo kite l', yo pran kouri.

Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.

¶ Simon Pyè mande li: Seyè, ki bò ou prale? Jezi reponn li: Kote m' prale a ou pa ka swiv mwen koulye a. Men, wa swiv mwen pita.

Tout tantasyon nou jwenn sou chemen nou, se menm kalite tantasyon tout moun jwenn sou chemen yo tou. Men, Bondye li menm toujou kenbe pawòl li: li p'ap kite yo tante nou yon jan ki depase sa nou ka sipòte. Men, lè nou va anba tantasyon an, la ban nou fòs pou nou ka sipòte l', pou nou ka soti anba li.

Nou menm, mari yo, se pou nou renmen madanm nou menm jan Kris la te renmen legliz la, jouk li te asepte mouri pou li.