Annou wè. N'ap touye l', n'ap jete kadav la nan yonn nan pi yo. Epi n'a di se bèt nan bwa ki touye l'. Konsa n'a wè si sa l' te wè nan rèv li yo va rive vre.
TSK
TSK · John 7:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Genesis 37:20
TSK
Jeremiah 12:6
TSK
Ata frè ou yo, pwòp fanmi ou yo, ap trayi ou. Yo mete tèt yo ansanm ak lòt moun sou do ou. Pa fè yo konfyans, menm lè ou wè yo ap pale byen avè ou.
Matthew 22:16
TSK
Yo voye disip pa yo ansanm ak patizan Ewòd yo bò kot Jezi pou mande li: Mèt, nou konnen ou se moun ki kare. W'ap moutre chemen Bondye a jan l' ye a, ou pa pè pesonn. Paske, ou pa gade sou figi moun.
Luke 8:19
TSK
Manman Jezi ak frè l' yo te vin kote li. Men, yo pa t' kapab rive pre li akòz foul moun yo.
John 7:5
TSK
(Men, frè l' yo pa t' kwè nan li.)
Acts 2:14
TSK
¶ Lè sa a, Pyè kanpe ansanm ak lòt onz apòt yo, li pale byen fò, li di foul moun yo konsa: Nou menm moun Jide ansanm ak nou tout k'ap pase kèk jou isit lavil Jerizalèm, nou fèt pou nou konnen sa. Koute sa m' pral di nou la a.