¶ Menm lè sa a, kèk farizyen pwoche bò kot Jezi, yo di li: Pa rete isit la, ale yon lòt kote, paske Ewòd vle touye ou.
TSK
TSK · John 9:16
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men, pou mwen menm, mwen gen yon lòt bagay ki pale an favè m' ki pi bon toujou pase sa Jan te di sou mwen an. Se travay m'ap fè a, travay Papa m' ban m' fè a ki pale pou mwen. Sa fè wè se Papa a ki voye mwen.
Nan tout foul moun yo, yo t'ap pale nan zòrèy sou li anpil. Gen moun ki t'ap di: Se yon nonm debyen wi. Gen lòt ki t'ap di: Non, se pete l'ap pete moun.
Farizyen yo rele nonm ki te avèg la yon dezyèm fwa. Yo di li: Di verite a devan Bondye. Nou konnen nonm sa a se yon nonm k'ap fè sa ki mal.
¶ Te vin gen yon lòt kont nan mitan jwif yo sou pawòl sa yo.
Si m' pa t' fè bagay okenn lòt moun pa t' janm fè nan mitan yo, yo pa ta antò, yo pa ta fè peche. Men, koulye a yo wè sa m' fè, yo rayi ni mwen ni Papa mwen.