TSK

TSK · John 9:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Ruth 1:19 TSK

¶ Yo pati, yo vwayaje ansanm jouk yo rive lavil Betleyèm. Lè yo rive, wè moun wè yo, lavil la te tèt anba. Medam yo menm t'ap di: -Ou kwè se Naomi sa?

Moun wa Akich yo di wa a konsa: -Se pa David sa, wa peyi a? Se pou li medam yo te fè chante yo t'ap chante lè yo t'ap danse a, chante ki di: Sayil desann mil! David desann dimil!

Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak malenng.

Acts 3:2 TSK

Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l' te fèt. Chak jou yo te pote l' bò Bèl Pòt la pou l' te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite.