TSK

TSK · Joshua 1:16

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Mesye branch fanmi Woubenn ak branch fanmi Gad yo reponn Moyiz, yo di l' konsa: -N'a fè tou sa Seyè a mande nou fè. Se sèvitè li nou ye.

¶ Jozye, pitit gason Noun lan, te vin gen anpil bon konprann sou li, paske Moyiz te mete men sou tèt li. Moun Izrayèl yo koute tou sa Jozye di yo. Yo fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.

¶ Tout moun dwe soumèt devan otorite k'ap gouvènen peyi a, paske nanpwen otorite ki pa soti nan men Bondye, epi tout otorite ki la, se Bondye ki mete yo.

¶ Soumèt devan tout otorite lèzòm etabli. Fè sa pou Bondye. Soumèt devan wa a, paske se li ki pi gwo chèf.