Lè sa a, Seyè a di m' konsa: Nou pa bezwen pè li, mwen pral lage yo nan men nou, li menm ansanm ak tout pèp li a ak tout peyi li a. Menm sa nou te fè Siyon, wa peyi Amori ki te rete lavil Esbon an, se sa nou pral fè li tou.
TSK
TSK · Joshua 10:8
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Pandan tout rès vi ou, pesonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.
¶ Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou.
Debora di Barak konsa: -Annou wè! Jòdi a, se jou Seyè a pral lage Sisera nan men ou. Se Seyè a k'ap mache devan ou. Se konsa, Barak desann soti sou mòn Tabò a avèk dimil sòlda dèyè l'.
Wi, tout moun ki sanble isit la a va wè Bondye pa bezwen ni nepe ni frenn pou delivre pèp li a. Batay la rele l' pa l'. Se li menm ki pral lage tout moun Filisti yo nan men pèp Izrayèl la.
¶ Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble?
¶ Kisa n'a di ankò sou pwen sa a? Si Bondye pou nou, kilès ki ka kont nou?