TSK

TSK · Joshua 11:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Zabilon pral rete bò lanmè. Batiman yo va jwenn bon pò sou rivaj li yo. Limit peyi l' la ap rive jouk Sidon.

Enben, koulye a, nou pral konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki pral pran devan nou. Tankou yon gwo dife k'ap boule tou sa li kontre, li pral disparèt yo chak fwa n'a jwenn yo sou wout nou. Li pral fè yo bese tèt devan nou. Se konsa n'a pran peyi a nan men yo, n'a disparèt yo la pou la jan Seyè a te di l' la.

Li voye nouvèl la bay moun Kanaran yo ki rete sou de bò larivyè Jouden an, bay moun Amori yo, bay moun Evi yo, bay moun Ferezi yo, bay moun Jebis yo nan tout mòn yo, bay moun Evi yo ki rete nan pye mòn Emon nan peyi Mispa.

Konsa men lòt lavil ki te nan pòsyon tè sa a: Abdon, Reyòb, Amon ak Kana jouk gwo lavil Sidon an.

Y' al lavil Galarad, yo pase lavil Kadès nan pòsyon tè ki pou moun Et yo, jouk yo rive Dann. Yo mache nan tout zòn lan, apre sa y' ale lavil Sidon sou bò lwès.