TSK

TSK · Joshua 13:25

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lavil Esbon te kapital peyi a. Se la Siyon, wa peyi Amori a, te rete. Se menm Siyon sa a ki te goumen kont ansyen wa peyi Moab la epi ki te pran tout peyi a pou li jouk larivyè Anon.

(Og, wa Bazan an, se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Sèkèy li te fèt an fè, li te gen kat mèt edmi longè sou de mèt lajè. Yo ka wè l' jouk koulye a nan lavil yo rele Raba moun Amon yo.)

Moun Galarad yo te rete rete yo lòt bò larivyè Jouden an. Moun Dann yo rete rete yo sou bato yo. Moun Asè yo rete rete yo bò lanmè a, yo rete sou tout rivaj yo.

¶ Nan prentan apre sa, nan epòk wa yo konn soti pou al fè lagè, David voye Joab ansanm ak tout lòt ofisye yo alatèt lame pèp Izrayèl la al goumen ak moun Amon yo. Yo ravaje peyi Amon an, yo sènen lavil Raba. David menm te rete lavil Jerizalèm.

Yo travèse larivyè Jouden, y' al moute kan yo lavil Awoyè, nan mitan fon an, nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Apre sa, yo pati pou Jazè bò nan nò.

yonn pou moutre wa a chemen ki mennen lavil Raba nan peyi Amon, yonn pou moutre l' chemen ki ale peyi Jida rive lavil Jerizalèm ki byen pwoteje ak ranpa a.