TSK

TSK · Joshua 14:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè nou fin pran peyi a pou nou, mwen bay branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la pòsyon ki soti bò lavil Awoyè a, toupre ravin Anon, rive pran mwatye nan mòn Galarad la avèk tout lavil ki ladan yo.

Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a te deja resevwa pòsyon tè pa yo lòt bò larivyè Jouden sou solèy leve. Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ki te ba yo li.

Se konsa, pòsyon pa yo a te konmanse depi lavil Awoyè, ki sou bò ravin Anon an, li pran lavil ki nan mitan ravin lan, tout platon Medeba a,

Se konsa Moyiz te separe tè ki lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, sou bò solèy leve, lè li te nan plenn Moab yo.