M'ap fè fwontyè peyi nou an konmanse depi sou lanmè Wouj la rive jouk sou lanmè Mediterane, depi sou dezè a al bat sou larivyè Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyò devan nou.
TSK
TSK · Joshua 15:47
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se menm bagay la ki rive avit yo ki te rete nan tout ti bouk ou jwenn jouk ou rive lavil Gaza: moun Kaftò yo soti zile Krèt, yo touye avit yo epi yo rete nan peyi a nan plas yo.
ki vle di depi larivyè Chikò k'ap koule sou fwontyè lès peyi Lejip la, moute nan nò, jouk sou fwontyè Ekwon an. Tout teritwa sa a te pase pou peyi moun Kanaran yo. Te gen senk chèf pami moun Filisti yo: yonn te rete lavil Gaza, yon lòt te rete lavil Asdòd, yon lòt lavil Askalon, yon lòt lavil Gat, yon lòt lavil Ekwon. Te rete peyi moun Avit yo tou,
¶ Yon lè Samson desann lavil Gaza, li wè yon jennès, li antre kay jennès la.
Li bat moun peyi Filisti yo, li kouri dèyè yo rive lavil Gaza ak sou fwontyè l' yo, li piye dènye kote yo te rete, depi ti bouk avanpòs yo rive nan gwo lavil ak ranpa yo.
¶ Men mesaj Seyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Filisti a, anvan farawon an t' al atake Gaza.
Seyè a di konsa: Moun lavil Gaza yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo depòte tout yon nasyon. Yo vann yo tankou esklav bay moun Edon yo.
¶ Yon zanj Bondye pale ak Filip, li di li: Leve non! Al nan direksyon sid, sou wout ki soti lavil Jerizalèm pou desann Gaza a. (Wout sa a, moun pa fasil pase sou li ankò.)