TSK

TSK · Joshua 16:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a Oram, wa peyi Gezè a, moute vin pote moun Lakis yo sekou. Men, Jozye bat li byen bat ansanm ak tout moun pa l' yo. Li fè touye yo tout san li pa kite yonn chape.

¶ Wa Salomon te fè moun fè kòve pou bati tanp Seyè a ak palè pa l' la, pou mete ranblè plen bò solèy leve lavil la ak pou bati gwo miray lavil la. Li sèvi ak moun kòve yo tou pou l' rebati lavil Azò, lavil Megido ak lavil Gezè.

Chera, pitit fi Berya a, bati Bètowon anba ak Bètowon anwo. Se li ki bati Ouzennchera tou.

¶ Apre sa, lagè pete ankò ant moun Filisti yo ak moun pèp Izrayèl yo bò lavil Gezè. Lè sa a, Sibekayi, yon moun lavil Ousa, touye Sipayi, yon moun nan ras Arafa yo. Yo fè moun Filisti yo soumèt devan yo.