Jizrèyèl, Jokdeam, Zanoa,
TSK
TSK · Joshua 17:16
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Tout mòn yo ap pou nou. Malgre se yon gwo rakbwa yo ye. N'a koupe bwa yo, epi n'a pran tout zòn lan nèt pou nou. Pou moun Kanaran yo menm, atout nou wè yo gen cha ki fèt an fè, atout yo fò a, rive yon lè, n'a mete yo deyò.
Seyè a te kanpe ak moun Jida yo, li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men, yo pa t' kapab mete moun ki nan laplenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt an fè.
Sisera fè chache nèfsan cha lagè an fè l' yo ak tout sòlda li yo, li fè yo kite Awochèt-Goyim desann ravin Kichon.
¶ Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo nèt lavil Afèk. Moun Izrayèl yo menm te moute kan yo bò sous ki nan Fon Jizreyèl la.
Yon sèl lè a, syèl la gen tan kouvri ak nwaj nwa. Van an tanmen soufle, yon gwo lapli pran tonbe. Akab moute sou cha li, li pati pou Jizreyèl.
¶ Apre tout bagay sa yo, men sa ki rive: Nan lavil Jizreyèl, toupre palè wa Akab la, te gen yon jaden rezen ki te pou yon nonm yo te rele Nabòt.
Pou Jezabèl menm, se chen ki pral manje kadav li nan jaden Jizreyèl la. P'ap gen pesonn pou antere l'. Lè li fin di sa, li louvri pòt la, li kouri ale.
Seyè a di Oze konsa: -W'a rele l' Jizreyèl paske talè konsa, mwen pral pini wa Izrayèl la pou krim Jeou, zansèt li a, te fè lavil Jizreyèl. Mwen pral wete gouvènman an nan men moun ras Izrayèl yo.