Fanmi ki gen anpil gason va resevwa yon pi gwo pòsyon. Fanmi ki pa gen anpil gason va resevwa yon pi piti pòsyon. Chak fanmi va resevwa yon pòsyon dapre kantite gason ki gen ladan l'.
TSK
TSK · Joshua 18:28
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Apre sa, li remoute ravin Pitit Ennon an ki nan sid mòn moun Jebis yo, ki vle di Jerizalèm, li moute sou tèt mòn ki anfas ravin Ennon an, sou bò solèy kouche, nan pwent nò plenn refayim yo.
Apre sa, li rive jouk bò mòn ki anfas fon Pitit Ennon an, ki sou bò nò plenn Refayim yo. Li pran pant mòn moun Jebis yo desann nan fon Ennon an, l' al bout sou Anwogèl.
Men, fwa sa a nonm lan pa t' vle rete pase yon lòt nwit ankò. Li leve, l' ale ansanm ak fanm kay li ak de bourik yo tou sele. Yo rive toupre lavil Jebis ki vle di lavil Jerizalèm.
Moun Levi a, mari fanm yo te sasinen an, reponn: -Mwen te ale lavil Gibeya nan peyi Benjamen an ansanm ak fanm kay mwen pou m' te pase nwit.
¶ Epi Samyèl leve, li kite lavil Gilgal l' al fè wout li. Tout rès pèp la pran swiv Sayil ki leve al jwenn sòlda li yo. Yo pati kite Gilgal, y' ale lavil Gibeya nan peyi moun Benjamen yo. Sayil fè enspeksyon lame ki te avè l' la. Te gen sisan sòlda konsa.
Lèfini, yo antere yo ansanm ak zosman Sayil ak zosman Jonatan yo nan tonm Kich, papa Sayil la, lavil Zela nan pòsyon peyi ki pou branch fanmi Benjamen yo. Yo fè tou sa wa a te bay lòd fè a. Apre sa, Bondye tande lapriyè yo pou peyi a.
Yo travèse pas la! Yo pase nwit lan lavil Geba! Moun lavil Rama yo ap tranble. Moun lavil Gibeya yo, peyi wa Sayil la, kouri mete deyò.
¶ Seyè a di: -Nou menm moun Izrayèl, depi nou te lavil Gibeya, n'ap fè peche. Depi lè sa a, nou pa janm sispann. Se konsa, lagè y'ap mennen kont mechan yo ap vire sou nou jouk lavil Gibeya.