TSK

TSK · Joshua 18:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje, paske se ou menm ki pral fè pèp la antre pran peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt yo a.

Yo reponn: -Nou wè peyi a. Li bon anpil. Pa rete isit la bra kwaze ap gade. Prese non! Ann moute al pran peyi a pou nou.

¶ Parese fè ou pòv, men travay di fè ou rich.

¶ Lè ou parese, ou wè pwoblèm toupatou. Men, pou moun ki pa pè travay, pa gen pwoblèm ki pou rete l'.

Jou sa a, y'a di moun lavil Jerizalèm yo: Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè. Pa dekouraje!

John 6:27 TSK

Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l', paske se pou sa Bondye Papa a voye li.

Se poutèt sa, frè m' yo, se pou nou fè jefò plis toujou pou nou rete fèm nan pozisyon kote Bondye mete nou an, li menm ki rele nou, ki chwazi nou. Si nou fè sa, nou p'ap janm tonbe.