¶ Se konsa mesye yo moute, y' al chache konnen tout bagay ki gen nan peyi a, depi dezè Zin ki nan sid peyi a rive jouk Reyòb toupre pas Amat la, nan nò.
TSK
TSK · Joshua 19:35
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
bay tout wa ki rete bò nò a, nan mòn yo, nan fon ki anba Chinawòt, nan plenn yo ak nan koulin Dò yo bò solèy kouche.
¶ Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.
Li voye chache Barak, pitit gason Abinoram, moun lavil Kadès nan peyi moun Neftali yo. Li di l' konsa: -Men lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye ba ou: Ale! Mennen sòlda ou yo sou mòn Tabò. Nan branch fanmi Neftali a ak nan branch fanmi Zabilon an, pran dimil gason avè ou.
Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.