TSK

TSK · Joshua 20:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men, si se pa espre li fè, si se Bondye ki fè lòt moun lan tonbe anba men l', m'ap chwazi yon kote pou l' ale kache kò l'.

¶ Moyiz di yo ankò: -Lè Seyè a, Bondye nou an, va fin detwi nasyon sa yo pou l' ban nou peyi ki te pou yo a, lè n'a fin pran tout peyi a nan men yo pou nou rete nan lavil yo ak nan lakay yo,

Seyè a di Jozye konsa: -Koute. Mwen pral lage lavil Jeriko nan men ou ansanm ak wa a ak tout vanyan sòlda li yo.

¶ Lè sa a, Jozye t'ap antre nan laj, li te fin granmoun. Seyè a di l' konsa: -Koulye a, ou fin granmoun, ou antre nan laj serye. Men, gen yon bon pòsyon nan peyi a toujou ki rete pou nou pran.