Exodus 6:16
TSK
Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Apre li vin Levi. Men non pitit Levi yo ak tout pitit yo: Gèchon, Keyat ak Merari. Levi te viv santrannsetan.
Te gen de fanmi nan branch Gèchon an: Se te pitit Libni yo ak pitit Chimeyi yo. Se tout fanmi Gèchon yo sa.
Sa te fè antou trèz lavil ansanm ak tout savann pou bèt yo te bay moun fanmi Gèchon yo.
Trèz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asè, branch fanmi Nèftali ak lòt mwatye branch fanmi Manase nan peyi Bazan an te soti pou branch fanmi Gèchon yo, chak fanmi ak lavil pa yo apa.