¶ Lè sa a, Jozye t'ap antre nan laj, li te fin granmoun. Seyè a di l' konsa: -Koulye a, ou fin granmoun, ou antre nan laj serye. Men, gen yon bon pòsyon nan peyi a toujou ki rete pou nou pran.
TSK
TSK · Joshua 23:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Koulye a nou gen yon wa alatèt nou. Mwen menm, poutèt pa m', mwen fin granmoun, cheve m' fin blan, se pitit gason m' yo ki la avèk nou. Depi mwen jenn gason rive jòdi a m'ap mache alatèt nou.
¶ Apre sa, Salomon bay lòd pou tout gwo chèf pèp Izrayèl yo ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak lòt chèf fanmi pèp la vin jwenn li lavil Jerizalèm pou y' al pran Bwat Kontra Seyè a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan.
Se Chimeyi, moun lavil Rama, ki te reskonsab tout jaden rezen yo. Se Zabdi, moun lavil Chefam ki te reskonsab tout depo diven yo te fè ak rezen yo te ranmase nan jaden yo.
¶ Antan li lavil Milè, Pòl voye yon mesaj lavil Efèz: li mande chèf reskonsab legliz yo pou yo vin jwenn li.