Chonje lòd mwen te ba ou! Mete gason sou ou! Pa janm dekouraje! Ou pa bezwen tranble, ou pa bezwen pè, paske Seyè a, Bondye ou la, ap toujou kanpe la avèk ou kote ou pase.
TSK
TSK · Joshua 3:7
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Joshua 1:9
TSK
Joshua 4:14
TSK
Sa Seyè a te fè jou sa a te fè tout pèp Izrayèl la pran Jozye pou yon grannèg vre. Depi lè sa a yo respekte msye jouk li mouri, menm jan yo te respekte Moyiz la.
2 Chronicles 1:1
TSK
¶ Salomon, pitit gason wa David la, chita otorite gouvènman l'. Seyè a, Bondye li a, te kanpe la avè l', li te ba li anpil pouvwa.
Psalms 18:35
TSK
Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki delivre m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. Pouvwa ou pa kite m' tonbe.
Philippians 1:20
TSK
Paske, mwen ta renmen pou m' pa soti wont nan anyen. Se la tout espwa m' pou m' ka pale ak kouraj, pou jòdi a tankou anvan lèzòm ka wè pouvwa Kris la nan mwen, kit mwen vivan, kit mwen mouri.