Lè katriyèm lanne a vin rive, n'a pran tout rekòt katriyèm lanne a, n'a ofri l' ban mwen, mwen menm Seyè a, pou nou moutre jan nou genyen m' rekonesans.
TSK
TSK · Joshua 6:19
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a ansanm ak tout lò ak ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li,
Li pran tout trezò ki te nan tanp lan ak nan palè wa a, ata gwo plak pwotèj an lò Salomon te fè fè yo.
Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a, ansanm ak tout lò ak tout ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li, ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk.
Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chèf fanmi yo, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo ak tout lòt gwo chèf nan lame a te mete apa pou Seyè a.
Te gen bagay Samyèl, pwofèt la, wa Sayil, pitit gason Kich la, Abnè, pitit Nè a, ak Joab, pitit Sewouya a, te mete apa pou sèvis Bondye. Tou sa te sou kont Chelomit ak fanmi l' yo.
Li pran tou sa papa l' te bay pou sèvis Bondye a, li mete yo nan Tanp lan ak tout bagay an lò ak an ajan li menm li te bay pou Bondye.
Te gen kèk chèf ki te fè ofrann pa yo pou travay la san pesonn pa fòse yo. Gouvènè a te bay pou mete nan kès la desanswasanndis ons lò, senkant gwo plat pou sèvis, senksantrant rad pou prèt yo mete sou yo ak onzmil sisankatreventrèz ons ajan.
Wi, apre swasanndizan, Seyè a va kite lavil Tir reprann menm vye kòmès li a. Lavil Tir pral lage kò l' nan fè bagay derespektan ankò, li pral nan fè dezòd ak tout chèf k'ap gouvènen toupatou sou latè.
Seyè a di: Nou menm moun lavil Siyon, leve non! Foule lènmi nou yo anba pye nou! M'ap ban nou fòs, n'ap tankou towo bèf ki gen kòn ak zago fè. N'ap kraze anpil nasyon an miyèt moso. N'a pran tou sa yo genyen ansanm ak tout richès yo, n'a ofri yo ban mwen, mwen menm Seyè a, ki mèt tout latè.
Chèf prèt yo ranmase lajan an, yo di konsa: Sa se lajan san. Lalwa nou pa pèmèt nou mete lajan konsa nan kès tanp lan.