TSK

TSK · Joshua 6:26

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Prèt la va mande madanm lan pou li sèmante. L'a di l' konsa: Si ou pa kouche avèk okenn lòt gason pase avèk mari ou, si ou pa lage kò ou nan dezòd ki pou ta mete ou nan kondisyon pou ou pa ka fè sèvis pou Bondye, ou mèt bwè dlo anmè sa a, dlo ki bay madichon an, anyen p'ap rive ou.

¶ Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: -Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m' yo. Se konsa pesonn nan peyi a pa t' manje anyen jou sa a.

Men Akab di li: -Konbe fwa pou m' di ou lè w'ap pale avè m' nan non Seyè a se pou di m' laverite?

Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?