¶ Sou twa mwa konsa, yo vin di Jida: -Tama, bèlfi ou la, lage kò l' nan jennès. Li gen tan ansent. Jida di yo: -Pran l', mennen l' deyò lavil la. Mete dife anwo l' jouk li mouri.
TSK
TSK · Joshua 7:25
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Si yon nonm marye ak yon fi ansanm ak manman fi a tou, se bagay ki sal nèt yo fè la a. Se pou yo boule tou twa nan dife. Bagay konsa pa fèt pou fèt nan mitan nou.
-Mennen nonm lan lòt bò limit kan an. Fè tout moun ki te tande l' lè li t'ap derespekte Bondye a mete men yo sou tèt li. Konsa, y'a ba l' pote reskonsablite sa l' fè a, epi tout pèp la va kalonnen msye wòch jouk li mouri.
Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo va konn sa, y'a pè. Konsa, yo yonn p'ap janm fè yon bagay mal konsa ankò nan mitan pèp la.
Lè sa a, tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk yo touye l'. Se konsa n'a wete bagay mal sa a ki t'ap fèt nan mitan nou an. Tout moun nan pèp Izrayèl la va konn sa, y'a mache sou piga yo.
Men, nou menm, pa mete men nou nan sa nou gen pou nou detwi pou Seyè a. Si nou pran anyen nan sa nou gen pou nou detwi a, n'ap lakòz malè tonbe sou kay moun Izrayèl yo, n'ap lakòz tèt chaje vin pou tout moun.
Moun y'a jwenn avèk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l' ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Seyè a te pase ak pèp la. Se yon gwo wont pou tout pèp Izrayèl la.
Se Aka, pitit gason Kami, yon moun fanmi Zerak la, ki te rale malè sou pèp Izrayèl la, lè li te pran nan sa pou yo te boule nèt pou Seyè a.
¶ Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan.
Kanta moun k'ap boulvèse nou konsa sou keksyon sikonsizyon an, yo ta mèt tou fè chatre yo fin ak sa.
Pa kite pesonn vire do bay favè Bondye a. Pa kite pesonn tounen tankou yon plant anmè k'ap pouse rasin k'ap anpwazonnen lòt yo.