TSK

TSK · Joshua 8:33

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lòd sa a bon ni pou natif natal yo ni pou moun lòt nasyon ki rete nan peyi a nan mitan nou.

Nan peyi a, se va yon sèl regleman pou tout moun, ni pou nou menm ni pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, yon sèl regleman pou tout tan, de pitit an pitit: Se va menm bagay la ni pou nou ni pou moun lòt nasyon yo devan Seyè a.

Se va menm regleman an pou tout moun ki fè bagay yo pa t' dwe fè san yo pa fè espre, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a.

¶ Jòdi a, men nou tout nou reyini la a devan Seyè a, Bondye nou an, nou menm chèf tout branch fanmi nou yo, tout chèf fanmi nou yo ak tout lòt chèf yo, ak tout lòt gason nan pèp Izrayèl la,

N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l', pou yo ka aprann gen krentif pou Seyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l'.

Yo t'ap bay pèp la lòd sa pou yo fè. Yo t'ap di yo: -Lè n'a wè prèt yo ak moun Levi yo leve Bwat Kontra Seyè a, Bondye nou an, pou yo pati, n'a fè pakèt nou pou nou ka swiv yo.

¶ Se konsa, pèp la leve, yo kite kote yo te ye a. Yo pati pou janbe lòt bò larivyè Jouden an. Prèt yo pran devan pèp la avèk Bwat Kontra a.

Soti prèt yo soti nan larivyè a, lè pye yo touche tè sèk sou rivaj la, dlo larivyè a konmanse koule ankò jan li te toujou koule anvan an. Li gonfle moute rive jouk sou rivaj li yo.

¶ Lè sa a, Jozye bati yon lotèl pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, sou mòn Ebal.

¶ Jozye reyini tout branch fanmi pèp Izrayèl yo lavil Sichèm. Li fè rele tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo ak tout notab yo. Yo parèt devan lotèl Seyè a.