TSK

TSK · Joshua 9:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou soti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.

M'ap fè fwontyè peyi nou an konmanse depi sou lanmè Wouj la rive jouk sou lanmè Mediterane, depi sou dezè a al bat sou larivyè Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyò devan nou.

Moun Amalèk yo rete nan sid peyi a, nan zòn Negèv la. Moun It yo, moun Jebis yo ak moun Amon yo rete nan mòn yo. Moun Kanaran yo rete bò lanmè Mediterane a ak bò larivyè Jouden an.

Ranmase tout zafè nou pati. Ale nan mòn peyi Amori yo ak nan tout lòt peyi ki toupre l' yo, nan plenn Araba a, nan mòn yo, nan fon yo, nan Negèv la bò sid ak bò gwo lanmè Mediterane a. Ale nan peyi Kanaran an ak nan peyi Liban an jouk nou rive bò gwo larivyè Lefrat la.

Yo te pran tou tout zòn Araba a, ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an, rive lanmè Mouri a nan pye mòn Pisga.

Peyi a pral konmanse depi nan dezè a sou bò nan sid, jouk mòn Liban nou wè laba a, nan nò. L'ap pran tout peyi moun Et yo, depi larivyè Lefrat sou bò solèy leve, jouk gwo lanmè a sou bò solèy kouche.

Lèfini, Jozye di yo konsa: -Jòdi a, nou pral konnen Seyè a, Bondye vivan an, nan mitan nou vre. Li pral chase devan nou moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Evi yo, moun Ferezi yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Jebis yo.

¶ Lè tout wa peyi Amori yo ki te rete lòt bò larivyè Jouden sou bò solèy kouche a ansanm ak tout wa peyi Kanaran yo ki te rete sou tout rivaj gwo lanmè Mediterane a vin konnen Seyè a te cheche dlo larivyè Jouden an pou pèp Izrayèl la te pase larivyè a, yo vin pè anpil, yo pèdi tout kouraj yo devan pèp Izrayèl la.

Tout moun lavil Jerizalèm yo te pè anpil, paske Gabawon te yon gwo lavil, tankou nenpòt ki lavil ki te gen yon wa ap gouvènen li. Li te pi gwo pase lavil Ayi. Lèfini, tout gason la te vanyan sòlda.

¶ Menm jou sa a, Jozye atake lavil Makeda, epi li pran l'. Li touye wa a. Lèfini, li fè touye tout moun ak tout bèt ki te nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a, san li pa kite anyen chape. Li fè wa Makeda a menm sa li te fè wa Jeriko a.

¶ Apre sa, Jozye tounen sou dèyè, li pran lavil Azò, epi li touye wa li a. Lè sa a, Azò te pi gwo lavil nan tout peyi wa yo.

¶ Jozye ansanm ak pèp Izrayèl la te bat tout wa ki te rete nan zòn lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy kouche, depi lavil Baal-Gad nan fon Liban an jouk mòn Chòv la nan direksyon Seyi. Se tè wa sa yo Jozye te pran, li separe yo bay moun pèp Izrayèl yo pou byen pa yo.

Sou bò lwès la, se lanmè Mediterane a ki te sèvi yo limit. Men limit ki te fèmen pòsyon tè yo te bay tout fanmi ki nan branch fanmi Jida a.

Moyiz te pran peyi Bazan an, li te bay mwatye nan branch fanmi Manase a. Jozye menm te bay lòt mwatye branch fanmi an yon pòsyon tè nan peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Jouden an ansanm ak lòt branch fanmi pèp la. Lè Jozye t'ap voye premye mwatye moun Manase yo ale lakay yo, lè li fin beni yo,

Lèfini, nou janbe lòt bò larivyè Jouden, nou rive lavil Jeriko. Moun ki te rete lavil Jeriko yo pran goumen ak nou. Moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Gigach yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo fè menm bagay la tou. Mwen lage yo tout nan men nou.