TSK

TSK · Joshua 9:27

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, n'a wete yon pòsyon ki va tankou yon taks y'a peye pou Seyè a: sou chak senksan moun, sou chak senksan bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit, w'a wete yonn pou Seyè a.

Sou mwatye ki te pou rès moun pèp Izrayèl la, Moyiz pran yon moun sou chak senkant moun ak yon bèt sou chak senkant bèt menm kalite, li bay moun Levi yo ki te reskonsab tant Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.

Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a.

Nou menm bò pa nou, nou pral koupe mezi bwa nan peyi Liban ou ka bezwen. N'a pote yo sou lanmè ba ou lavil Jope, n'a mare yo ansanm fè rado. Rive la, ou menm w'a fè pran yo pote moute lavil Jerizalèm.