TSK

TSK · Joshua 9:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Yo te fèmen tout pòtay lavil Jeriko yo, yo te barikade yo poutèt moun pèp Izrayèl yo. Deyò pa antre, anndan pa soti.

¶ Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou.

Jozye menm te kenbe bra l' leve anlè ak frenn lan lonje sou lavil Ayi a jouk yo te fin touye tout moun ki te rete nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a.

¶ Adonisedèk, wa lavil Jerizalèm lan, te vin konnen Jozye te pran lavil Ayi a, li te detwi l' nèt tankou yon ofrann pou Seyè a, li te touye wa a menm jan li te fè l' pou lavil Jeriko ansanm ak wa li a. Adonisedèk te vin pran nouvèl tou moun Gabawon yo te al rann tèt yo bay moun Izrayèl yo, epi yo t'ap viv nan mitan yo.

¶ Menm jou sa a, Jozye atake lavil Makeda, epi li pran l'. Li touye wa a. Lèfini, li fè touye tout moun ak tout bèt ki te nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a, san li pa kite anyen chape. Li fè wa Makeda a menm sa li te fè wa Jeriko a.

Abnè leve ansanm ak moun Ichbochèt yo, yo kite lavil Manayim, y' ale lavil Gabawon.

Jismaja, moun lavil Gabawon, yonn nan trant vanyan sòlda yo ak yonn nan chèf yo, Jeremi, Jakazyèl, Joanan ak Jozabad, moun lavil Gedera.