TSK

TSK · Joshua 9:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men pitit gason Jakòb yo bay Sichèm ak Amò, papa li, yon repons pou woule yo. Paske Sichèm te avili sè yo a, yo t'ap pare yon move kou pou yo.

¶ Moun pa l' yo vin jwenn li, yo di l' konsa: -Nou tande jan wa peyi Izrayèl yo se moun ki gen bon kè. Ban nou otorizasyon pou n' al jwenn wa peyi Izrayèl la. N'ap mete rad sak sou nou tankou moun yo fè prizonye. Ou pa janm konnen li ka sove lavi ou.

Konsa tou, yo pa mete diven ki fenk fèt nan vye veso fèt an po. Si ou fè sa, veso an po yo gen pou pete, diven an gen pou koule atè; epi ou pèdi veso yo tou. Men, yo mete diven ki fèk fèt nan veso an po ki fenk fèt tou. Konsa, ni diven an ni veso an po yo ap byen konsève.

Mark 2:22 TSK

Konsa tou, pesonn pa mete diven ki fenk fèt nan vye veso an po. Si ou fè sa, diven an va pete vye veso yo, epi w'ap pèdi ni diven an ni veso yo. Men, diven ki fenk fèt, sa dwe ale nan veso an po ki fenk fèt tou.

Luke 16:8 TSK

Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a.