TSK

TSK · Judges 1:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men, paske Kalèb, sèvitè m' lan, pa aji tankou yo, li swiv mwen san gad dèyè, m'ap fè l' antre nan peyi li te al rekonèt la. Pitit pitit li yo va pran peyi a pou yo.

Lè sa a, Jozye leve, l' ale, li touye tout moun Anak yo ki te rete nan mòn yo, nan lavil Ebwon, lavil Debi, lavil Anab, nan tout mòn peyi Jida ak tout mòn peyi Izrayèl yo. Li fè touye yo tout. Apre sa, li detwi tout lavil yo tankou ofrann pou Seyè a.

Lè sa a, Jozye bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, benediksyon, epi li ba li pòsyon tè Ebwon an pou pòsyon pa li.

¶ Jan Seyè a te bay Jozye lòd la, yon pòsyon nan tè moun Jida yo vin pou Kalèb, pitit gason Jefoune a. Jozye ba li Kiriyat aba, kapital peyi Anak yo. (Koulye a yo rele lavil la Ebwon).

Moun Jida yo atake moun Kanaran ki te rete lavil Ebwon, ki te rele anvan sa Kiriyat Aba. Yo bat Chechayi, Ayiman ak Talmayi.