TSK

TSK · Judges 1:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

m'a voye gwo gèp devan nou, y'a fè moun Evi yo, moun Kanaran yo ak moun Et yo kouri byen lwen nou.

Enben, koulye a, nou pral konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki pral pran devan nou. Tankou yon gwo dife k'ap boule tou sa li kontre, li pral disparèt yo chak fwa n'a jwenn yo sou wout nou. Li pral fè yo bese tèt devan nou. Se konsa n'a pran peyi a nan men yo, n'a disparèt yo la pou la jan Seyè a te di l' la.

Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè moun sa yo! Denmen, lè konsa, m'ap fè nou wè tout tonbe mouri la devan je nou. Nou menm, nou pral koupe jarèt tout chwal yo, epi n'ap boule cha yo.

Se konsa, Jefte janbe lòt bò fwontyè a, li antre nan peyi moun Amon yo, l' al goumen ak yo. Epi Seyè a lage yo nan men l'.

Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.

Jòdi a menm, Seyè a pral lage ou nan men m'. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye.

¶ Lè Miche rive devan wa a, wa a di l' konsa: -Miche, èske se pou m' al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad, osinon èske sè pou m' kite sa? Miche reponn: -Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Seyè a ap lage lavil la nan men ou.