Joshua 2:7
TSK
Sòlda wa yo menm soti sou wout ki mennen larivyè Jouden an, yo pati dèyè mesye yo pou yo pran yo anvan yo rive nan pas la. Soti sòlda yo soti, yo fèmen pòtay la.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Sòlda wa yo menm soti sou wout ki mennen larivyè Jouden an, yo pati dèyè mesye yo pou yo pran yo anvan yo rive nan pas la. Soti sòlda yo soti, yo fèmen pòtay la.
Li di yo konsa: -Swiv mwen! Seyè a lage moun Moab yo, lènmi nou yo, nan men nou jòdi a! Yo tout desann swiv li. Yo bare pas dlo kote moun Moab yo konn janbe larivyè Jouden an. Yo pa kite yon moun pase.
¶ Te gen yon jenn gason ki te rete lavil Betleyèm nan peyi Jida. Se te yon moun nan fanmi Levi yo.
¶ Yon lòt moun ki te bay Salomon do ankò, se te Jewoboram, yonn nan moun ki t'ap sèvi avèk Salomon yo. Jewoboram te pitit Nebat, yon nonm lavil Zereda nan peyi Efrayim. Manman l' te yon vèv yo te rele Sewa.