TSK

TSK · Judges 16:17

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Pandan tout tan li fè ve pou l' viv apa pou Bondye tankou yon nazareyen an, li pa gen dwa koupe cheve nan tèt li, ni fè labab. Se pou l' kenbe ve a pandan tout tan l'ap viv apa nèt pou Bondye a, jouk lè tan ve a bout. Se pou l' kite cheve nan tèt li pouse byen long san li pa janm koupe yo.

¶ Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt.

¶ Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'.

¶ Pòl rete kèk tan ankò lavil Korent. Apre sa, li kite frè yo, li anbake sou yon batiman pou peyi Siri ansanm ak Prisil ak Akilas. Anvan sa, li fè kale tèt li nan Sankre paske li te fè yon ve.