Gwo chèf moun Filisti yo al jwenn Dalila, yo di l' konsa: -Pran tèt Samson! Chache konnen sa ki ba li tout fòs sa a, kijan nou ka met men sou li. N'a mare l' anba kòd, n'a rann li san fòs. Lèfini, nou chak n'a ba ou milsan pyès lajan.
TSK
TSK · Judges 16:18
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Judges 16:5
TSK
Psalms 62:9
TSK
Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.
Jeremiah 9:4
TSK
Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pesonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang.
Ephesians 5:5
TSK
Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondite, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a.