TSK

TSK · Judges 18:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Le sa a Jozèf vin chonje rèv li te fè sou frè l' yo. Li di yo: -Nou se yon bann espyon. Nou vin isit la pou n' chache konnen pwen fèb peyi a.

¶ Lè sa a, Jozye, pitit gason Noun lan, rete Sitim kote yo te ye a, li voye de nèg an kachèt al wè jan sa ye lavil Jeriko. Li di yo: -Ale vizite peyi a ak lavil Jeriko. Se konsa mesye yo ale, yo antre lakay yon jennès ki te rele Rarab. Se la yo desann.

Jozye reponn yo: -Si nou anpil, si mòn nan peyi Efrayim yo pa ase pou nou, se pou n' moute nan gwo rakbwa ki nan peyi moun Ferezi yo ak moun refrayim yo, n'a koupe bwa fè plas pou nou.

Te gen yon nonm yo te rele Manoak. Se te moun lavil Zora, li te fè pati branch fanmi Dann lan. Madanm li pa t' janm ka fè pitit.

Frè l' yo ansanm ak tout fanmi l' yo desann vin pran kadav la. Yo pote l' tounen lakay yo, yo antere l' nan kavo Manoak, papa li, ant lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Li te pase ventan ap gouvènen moun pèp Izrayèl la.

Mesye yo tounen lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Fanmi yo mande yo kisa yo wè.

Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y' al nan mòn Efrayim yo, yo rive bò kay Mika a.

Moun Levi a reponn li: -Nou soti lavil Betleyèm nan peyi Jida, n'ap vwayaje, nou pral byen lwen nan fon mòn Efrayim yo. Se la mwen rete. Mwen te desann ale Betleyèm, men koulye a m'ap tounen lakay mwen. Pesonn pa envite nou vin pase nwit lan lakay yo.

Konsa tou, si yon wa vle fè lagè ak yon lòt wa, premye bagay pou l' fè: l'ap chita pou l' egzaminen bagay la byen, pou l' wè si, avèk dimil òm, li kapab mache kontre lòt wa a k'ap mache sou li ak venmil òm.