TSK

TSK · Judges 18:27

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Men sa li di pou branch fanmi Dann lan: Dann se yon jenn ti lyon k'ap kouri soti peyi Bazan.

Men, moun branch fanmi Dann yo kite lòt moun pran peyi a nan men yo. Se konsa, yo moute al atake lavil Lechèm. Yo anvayi lavil la, yo touye tout moun ki te rete ladan l'. Yo pran lavil la pou yo, yo rete ladan l'. Epi yo chanje non l'. Yo pa rele l' Lechèm ankò. Yo ba li non zansèt yo, yo rele l' Dann.

¶ Senk mesye yo ale, yo rive lavil layis. Yo wè ki jan moun ki te rete Layis yo te san pwoblèm, tankou moun peyi Sidon yo. Se te yon bann moun ki t'ap viv byen yonn ak lòt, ki pa t' nan kont ak pesonn nan peyi a. Yo te gen tou sa yo te bezwen. Yo t'ap viv byen lwen moun peyi Sidon yo, yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo.